publicidade

2 Reis 6

1 Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: --Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.2 Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: --Ale non!3 Yonn nan pwofèt yo mande l': --Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: --Dakò.4 Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa.5 Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: --Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi!6 Elize mande l': --Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.7 Elize di l': --Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.

publicidade