publicidade

Atos 2

1 Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a.2 Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a.3 Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak.4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.5 Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè.

publicidade