5 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.6 Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè.7 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.8 Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.
publicidade