Gênesis 9

8 Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:

9 -Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.

10 M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.

11 Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.

12 Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.

13 M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.