1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa:2 -Leve non! Desann kay bòs k'ap fè krich yo. Rive la, m'a ba ou yon mesaj.3 Mwen desann vre kay bòs k'ap fè krich yo. Mwen wè msye t'ap bay yon krich fòm nan tou a.4 Depi krich li t'ap fè a pa t' soti byen, li kraze l', li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l' jan li te vle fè l' la.5 Lè sa a, Seyè a di m' konsa:6 -Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande!
publicidade