J贸 16

1 J貌b pran lapaw貌l ank貌, li di konsa:

2 -Mwen bouke tande paw貌l sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.

3 Kil猫 n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!

4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide b猫l diskou sou nou.

5 M' ta remoute kouraj nou ak kons猫y, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.

6 Men, l猫 mwen pale, doul猫 a la pi r猫d pou mwen. L猫 mwen pa pale, se pa sa k'ap f猫 l' ban m' yon ti louga.

7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini av猫 m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.

8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle w猫 m' ank貌. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen ant貌 ki f猫 sa rive m'.

9 Nan k貌l猫 li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle w猫 m'!

10 Moun pr猫t pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba soufl猫t.

11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.

12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' d猫y猫 nwa kou, li kraze m', li f猫 m' tounen jw猫t li.

13 L'ap voye fl猫ch li sou mwen kote m' vire. Li p猫se tout k貌 m', li san pitye pou mwen, li mete san m' dey貌.

14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon s貌lda nan lag猫.

15 Mwen f猫 rad sak mete sou mwen, mwen woule k貌 m' nan pousy猫 t猫lman mwen te nan lapenn.

16 Je m' vin wouj af貌s mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.

17 Men, mwen konnen mwen pa f猫 ankenn moun mechanste. Mwen lapriy猫 Bondye ak tout k猫 m'.

18 Ou menm lat猫, pa kache miz猫 mwen. Pa kite yo f猫men bouch mwen l猫 m'ap rele nan pye Bondye!

19 Paske mwen konnen gen yon moun nan sy猫l la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.

20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.

21 Mwen bezwen moun pou plede k貌z mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede k貌z zanmi l'.

22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.