J贸 17

1 Souf mwen pr猫t pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simity猫 ase mwen bon.

2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye paw貌l jouman yo enpoze m' d貌mi.

3 Ou m猫t kw猫 m', Bondye! Se ou menm ank貌 ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn l貌t ki ka tope ak yo.

4 Ou f猫men lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.

5 Paw貌l la di: Yon moun ap f猫 gwo f猫t pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.

6 Yo f猫 koze sou mwen nan p猫p la. Yo vin krache nan figi m'!

7 Mwen sit猫lman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa f猫!

8 Moun k'ap mache dwat yo sezi l猫 yo w猫 sa. Inonsan yo fin deb貌de sou mechan an ki vire do bay Bondye.

9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zaf猫 kanpe pi r猫d sou pozisyon yo.

10 Nou tout m猫t vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.

11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan t猫t mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ank貌.

12 Yo pretann lannwit se lajounen. L猫 f猫nwa, yo di limy猫 a pa lwen.

13 Se lanm貌 m'ap tann. Se al kouche nan simity猫 ki s猫l espwa m'.

14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di v猫men ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak s猫 m'.

15 Kote ki gen espwa pou mwen ank貌? Ki moun ki w猫 yon bon lavi pou mwen ank貌?

16 L猫 m'a mouri, l猫 m'a fin desann nan peyi kote m貌 yo ye a, 猫ske m'a ka pote espwa m' yo ansanm av猫 m'?