33 Gen kèk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.34 Jezi reponn yo: Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo?35 Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
publicidade