Levítico 18

6 Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.

7 Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou.

8 Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.

9 Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'.

10 Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè.

11 Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou.

12 Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,

13 kit se bò manman.

14 Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.

15 Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.

16 Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou.

17 Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont!

18 Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.

19 Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

20 Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

21 Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.

22 Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè.

23 Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.