publicidade

Mateus 17

1 Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo.2 Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.3 Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi.4 Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.5 Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.

publicidade