publicidade

Mateus 19

23 Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.24 M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.25 Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

publicidade