publicidade

Mateus 22

17 Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?18 Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit?19 Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan.20 Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?21 Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.

publicidade