Provérbios 1

1 Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl.

2 Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo.

3 Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.

4 Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.