1 Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.
publicidade