1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
publicidade