1 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
publicidade